Wout la vi se kon youn chemen,
Ladan’l gen anpil danje;
Li tre di epi li fe nwa,
Gen la bou li byen glise.
Fok nou veye a chak moman,
Si nou vle fe chemen sa,
Se pou’n jwen youn moun kondwi nou,
E pi swiv Li paza pa
Ke
O Bon Sove, vin kondwi mwen
Fe mwen rive jouk lot bo
Kote zanj ap chante Nou ou,
E mwen p’ap tounen anko
-II-
N’ap mote e pi n’ap desan,
Gen falez agoch a dwat,
Mon lan red e wout la fonse,
Li apik epi’l etwat.
Fon bay Gid la kenbe men nou,
Si nou vle fe chemen sa
Se pou’n fikse zye nou sou li,
Epi swi’v li pazapa.
Ke
O Bon Sove, vin kondwi mwen
Fe mwen rive jouk lot bo
Kote zanj ap chante Nou ou,
E mwen p’ap tounen anko
-III-
Gen lot wout ki laj e byen bel
Men li pakab fe’m rive
Lot bo mon nan avek Jezi,
Kote zanj yo ap chante,
O Jezi pakite’m tonbe,
Ni bwonche nan chemen,
Men kenbe’m pi pre ou toujou,
M’ape swiv Ou
Ke
O Bon Sove, vin kondwi mwen
Fe mwen rive jouk lot bo
Kote zanj ap chante Nou ou,
E mwen p’ap tounen anko