Leve, nanm mwen, ak solèy la,
Konmanse tach ou Jodi- a.
Premie bagay ou gen pou fe
Se louwe Bon-Dye ak tout kè.
-II-
Pi-n ga ou gaspiye tan ou! Viv Jodi-a kou dènye jou;
Anplwayé talan ou yo byen, Nou tout va jije a la fen.
-III-
Tout pawòl ou yo dwe sensee,
Konsyans ou dwe toujou klè;
Paske Dye ouè tou sa w’ap fè,
Li konn tout panse nan tout kè.
-IV-
Bon-Dye, mwen vle di Ou mèsi,
Ou te proteje-m lè-m dòmi,
Lè mwen dòmi pou dènye fwa
Fè-m leve devan Ou ak joua.
-V-
Mwen vle remèt mouin nan men Ou,
Netouaye kè-m ak lespri-m tou.
Gidé volante-m achak kou
E ranpli mwen ak Lespri Ou.
-VI-
Gide-m, Seyè,
m-vle Ou kondwi’m
Tout sa-m pou panse, fè ou di.
Pou tout fòs mwen kapab sèvi
Pou la glwa Ou, Seyè Jézi.
-VII-
Béni Bon-Dye kap renmen nou,
Béni Li tout moun tou patou.
Beni Pitit Li, Jézi-Kri.
Beni Pè, Fis é Sent-Éspri.
***